Our Services - Pediatric Therapy & Nursing Care in Miami, FL
Glory to God PPEC offers comprehensive pediatric care services including skilled nursing, physical therapy, occupational therapy, speech therapy, respiratory therapy, ABA therapy, and free transportation in Miami, FL.
Swen Enfimyè
Moun k’ap bay swen espesyalize pou timoun nou yo gen ladan enfimyè ki rekonèt (RN) ak enfimyè pratikan ki lisansye (LPN). Ekip konpatisan nou an, ki gen eksperyans nan itilizasyon ekipman dènye modèl, gwo teknoloji, espesyalize nan pran swen tibebe ki depann de teknoloji ak timoun ki gen lavi yo afekte pa yon pakèt kondisyon ak maladi. Staf enfimyè nou an resevwa fòmasyon pou administre yon varyete medikaman, ki dedye pou swen timoun epi ofri bon jan kalite swen bò kabann timoun ou yo.
Terapi fizik
Terapi fizik espesyalize nou an ap ede pitit ou a fonksyone nan pi wo nivo yo, respekte etap devlopman yo epi entèraji avèk aktivite abityèl yo otanke posib. Nou itilize kèk nan teknik ki pi resan yo pou ede maksimize rezilta fonksyònman pitit ou a .
Transpò
Nou bay sèvis transpò pou tout timoun ki kalifye pou Medicaid ki resevwa sèvis nan sant nou an. Transpò nou an kapab pran timoun yo lakay yo oswa nan lekòl, ale nan sant nou an, epi answit retounen yo lakay yo. Nou kowòdone lè pou pase pran ak depoze timoun yo ansanm ak paran yo. Pandan transpòtasyon nou an, anplwaye asistan yo akonpaye chak vwayaj.
Okipasyonèl Terapi
Terapis pwofesyonèl nou yo (OT) espesyalize nan evalye ak trete motrisite delika, pwosesis vizyèl, oto-èd, pwosesis sansoryèl, kowòdinasyon motris, ladrès entèlektyèl ak sosyal. Nou konsantre sou amelyore tach fonksyonèl chak jou yo nan lavi pitit ou a.
Terapi Lang lapawòl
Moun k’ap bay swen pou timoun espesyalize nou yo gen ladan enfimyè ki rekonèt (RN) ak enfimyè pratikan ki lisansye (LPN). Ekip konpasyon nou an, ki gen eksperyans nan itilizasyon ekipman dènye modèl, gwo teknoloji, espesyalize nan pran swen tibebe ki depann de teknoloji ak timoun ki gen lavi yo afekte pa yon pakèt kondisyon ak maladi. Staf enfimyè nou an resevwa fòmasyon pou administre yon varyete medikaman, ki dedye pou swen timoun epi bay bon jan kalite swen bò kabann pitit ou yo.
Terapi konpòtmantal
Nou ofri analiz konpòtman aplike pou moun ki gen Twoub Spectrum Otis, Twoub Emosyonèl-Konpòtmantal (EDB), Twoub Opozisyonèl an Defi (ODD), Twoub Defisi Atansyon ipè-aktivite (ADHD), Sendwòm Down ak lòt andikap devlopman.
Terapi respiratwa
Terapi respiratwa disponib chak jou pou kenbe pitit ou a ap respire fasil epi ofri: evalyasyon respiratwa, siveyans oksijèn, administrasyon oksijèn, tretman nebilizè, CPT, drenaj postiral, aspirasyon ak swen tracheyotomi.
Sèvis Sosyal
Yon travayè sosyal klinik ki lisansye prezan nan etablisman an. Depatman travay sosyal nou an ap travay nan konekte fanmi yo ak resous lokal yo, defann bezwen pasyan yo, epitou nan kiltive yon relasyon pwofesyonèl ak founisè medikal nou yo. Travayè sosyal nou an disponib pou pale ak paran yo ak manm kominote yo nan lè PPEC yo.
Aktivite Rekreyatif
Nou menm nan GTGPPEC bay tèt nou pou misyon ke timoun nou yo kapab jwi aktivite ak sòti . Anjeneral nou òganize pwomnad chak samdi!
Aktivite Sosyalizasyon ak Estimilasyon Mityèl
Sòti restoran, plaj, pak tranpolin ak plis ankò, nou kwè nan ofri timoun nou yo entèraksyon sa yo ansanm ak anplwaye nou yo ak kamarad yo esansyèl pou byennèt yo ak kwasans yo.
Edikasyon Familyal Ak Enplikasyon Nan fikse objektif
Kominote ak fanmi esansyèl pou nou isit la nan Glory to God PPEC. Yon fwa pitit ou a enskri avèk nou, n’ap kontinye travay nan tèt kole ak oumenm ak doktè pitit ou a nan fikse objektif, etap enpòtan yo ak siveyans pwogrè pitit ou a.
Asistans pou Randevou
Anplwaye nou yo ede paran yo kowòdone ak pran randevou pou pitit yo. Si sa nesesè, staf asistan nou yo ak travayè sosyal yo ap ale nan randevou ak paran yo oswa nan non paran yo, yon fason pou asire ke timoun nan ap resevwa ak kenbe tout randevou yo ajou. Staf Pèsonèl nou an ap ede paran yo pran ak kenbe randevou pou pitit yo
Anplwaye ki pale Plizyè lang
Nan sant GLORY TO GOD PPEC la, ekip nou an konpoze endividi ki pale anglè, panyòl ak kreyòl ayisyen ak fasilite kominikasyon ak sèvis bay yon gwoup divès endividi ki gen diferan orijin lang.